Grenadye nou yo prezan nan chanpyona etranje yo. Kòmanse ak Christiano François, ki make de gòl nan USL Championship Ozetazini ak Miami FC, pase pa jèn Mondy Prunier, ki make de gòl ak FC Rouen 1899. Drapo ble e wouj ayisyen an te byen reprezante wikenn sa a.
Si chanpyona foutbòl ayisyen an an vakans depi plizyè mwa, chanpyona sou tè etranje yo pa chita. Konpatriyòt nou yo te an flanm wikenn sa a, ak pèfòmans prèske XXL, kòmanse ak « Christiano » François nou an, ki make de fwa nan sèlman swasannsenk (65) minit nan yon festival sis (6) gòl a en ekip li Miami FC fè sou do Loudoun United. Kounye a li gen nèf (9) gòl nan kontè l nan dezyèm echlon foutbòl ameriken an.
Nan MLS, Derrick Étienne pa make, men li se youn nan gwo atizan viktwa ekip li Columbus Crew (2-1) sou do FC Montréal. Zèl gòch ayisyen an bay pas desizif pou Gyasi Zardes, sou yon bèl ouvèti mwens pase yon minit anvan fen tan reglemantè premye mitan an.
*Lòt bò Atlantik la!*
« Lukaku » Karayib la, Mondy Prunier, ap vin pi enpresyonan de pli zan pli lè l make yon doub pou ekip li devan SM Caen II, viktwa (5-2) pou 8yèm jounen National 2. Sou youn nan gòl Mondy yo, « A 52 an, mwen pa t janm wè yon gòl tèlman ekstraòdinè…», antrenè SM Caen II, Fabrice Vandeputte, deklare.
Trèz (13) se kantite minit Johndly Van Der Meer jwe, men sa ki esansyèl fèt. Ekip li, SC Cambuur, bat Sparta Rotterdam sou nòt (4-0) nan chanpyona olandè a.
Bò kote Dànmak, grenadye Deedson Louicius make e bay pas desizif pou ekip li Hobro IK devan ekip Helsingor (2-2) pou 10yèm jounen chanpyona a.
N ap tann yon wikenn pwochen ki menm jan fou pou grenadye nou yo, ak Carlens Arcus, ki te sou ban an, ki pral titilè fwa sa a, ak gwo retou Duckens Nazon ki nan enfimri.
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yo




