Dimanch 22 novanm 2026

Aktyalite

Kandida pou Primati: lis pretandan yo redwi anpil

Pa Jenny Toussaint

· 1 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English, Français ak Español

Portraits de cinq hommes en costume formel alignés côte à côte

Èske se twa (3) oswa senk (5) kandida ki rete apre yon premye egzamen dosye yo Konsèy prezidansyèl tranzisyon an fè? Antouka, pami plizyè dizèn kandidati yo soumèt, CPT a deja fè chwa l.

Dapre kèk sous, ansyen Premye minis Garry Conille, ansyen kandida pou prezidans Alix Didier Fils-Aimé, ansyen minis Espò Fritz Bélizaire se twa kandida ki nan kous la. Lòt sous pale de senk, sa vle di ansyen senatè Rodolphe Joazile, ansyen minis Enteryè Paul Antoine Bien-Aimé ak twa lòt kandida nou site anwo yo.

Pandan tan sa a, Etazini salye pwosesis chwa pwochen chèf Gouvènman an pandan l mande pou yo fè vit nan ijans lan. « Yon pèsonalite enpasyal e rekonèt pou merit teknik li », se chwa sa a Tonton Sam envite Konsèy prezidansyèl tranzisyon an fè pou pwochen lokatè Primati a.

Pataje

Jenny Toussaint

Journaliste-Rédactrice à Hebdo24 | Politicienne | Experte en Relations Internationales 📩 : jenny@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @jennyhebdo24

Tout atik li yo

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here