Samdi 14 novanm 2026

Aktyalite

Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn

Pa Jenny Toussaint

· Mete ajou 14 novanm 2026 · 2 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English ak Français

Konparezon ant ansyen logo gri ak nouvo logo wouj ak nwa Hebdo24
L'ancien logo de Hebdo24 (à gauche) et le nouveau logo officiel (à droite).

Pi modèn, pi senp e pi adapte pou sipò dijital yo, nouvo logo Hebdo24 a make yon nouvo etap nan evolisyon idantite vizyèl medya a. Piblikasyon an kenbe koulè istorik li yo kanmenm: wouj, nwa ak blan.

Hebdo24 chanje rad. Medya a prezante nouvo logo li, ki ranplase ansyen idantite vizyèl la sou tout platfòm li yo: sit entènèt, rezo sosyal, videyo ak emisyon.

Nouvo idantite grafik la gen de blòk kole youn ak lòt. Non « HEBDO » a parèt an lèt blan sou yon fon wouj, epi touswit apre, chif « 24 » la ekri sou yon fon nwa. « 24 » sa a raple misyon medya a: swiv aktyalite a, dekòtike l epi rann kont li, 24 è sou 24.

Yon logo ki fèt pou tout ekran

Refòm sa a vize sitou pou logo a pi fasil pou li e pou l adapte ak nouvo fason moun itilize zouti dijital yo. Ansyen logo a te gen twòp detay, e li te pèdi klète sou ti fòma yo, sitou sou ekran telefòn. Nouvo grafis la pi senp e moun ka rekonèt li fasil, kit sou yon smartphone, kit sou yon gwo afich.

Hebdo24 gen tou yon ikòn pa l: yon kare wouj ak chif « 24 » an blan, ki la sitou pou foto pwofil ak aplikasyon dijital yo.

« Nouvo logo sa a reflete sa nou tounen: yon medya modèn, klè e ki prezan tout kote piblik nou ye. Pwomès nou menm pa chanje: rete vijilan sou aktyalite a, 24 è sou 24 », Phanord Cabé, direktè jeneral Hebdo24, eksplike.

Ansyen idantite vizyèl la ap disparèt tikras pa tikras

Depi kounye a, se sèl nouvo logo a ki reprezante Hebdo24 ofisyèlman. Medya a p ap sèvi ak ansyen idantite vizyèl la ankò, menmsi li ka parèt toujou pandan yon ti peryòd tranzisyon sou kèk sipò ki te deja pwodui. Hebdo24 envite patnè li yo, anonsè yo ak lòt medya yo pou yo adopte nouvo idantite grafik sa a epi ranplase ansyen logo a nan piblikasyon yo. Fichye ofisyèl yo disponib sou demann bò kote redaksyon an.

Chanjman sa a konsène sèlman idantite vizyèl medya a. Hebdo24 vle modènize imaj li san li pa touche liy editoryal li ni angajman li pou piblik li.

Redaksyon Hebdo24 tradui atik sa a apati vesyon orijinal an franse a.

Pataje

Jenny Toussaint

Journaliste-Rédactrice à Hebdo24 | Politicienne | Experte en Relations Internationales 📩 : jenny@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @jennyhebdo24

Tout atik li yo