Dimanch 15 novanm 2026

Sekirite

Alix Didier Fils-Aimé deklare lagè kont gang yo: « kriminèl an kravat » yo nan mir li tou

Pa Bernadin Jules

· Mete ajou 14 novanm 2026 · 2 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English ak Français

Yon gason nan kostim ak kravat ap pale devan yon podiyòm ak kat militè dèyè li

Gouvènman ayisyen an vle entansifye batay kont gwoup ame yo ak rezo ki sipòte yo. Nan yon pwen pou laprès espesyal sou sitiyasyon sekirite a, madi 3 novanm, Premye minis Alix Didier Fils-Aimé reyafime detèminasyon li pou retabli sekirite sou tout teritwa nasyonal la epi restore otorite Leta. Li anonse yon estrateji komen ki mobilize Polis Nasyonal d Ayiti (PNH), Fòs Ame d Ayiti (FAd’H) ak Fòs represyon gang yo (FRG).

Yon estrateji sekirite koperasyon entènasyonal la sipòte

Dapre chèf gouvènman an, estrateji sa a jwenn sipò plizyè peyi alye, sitou Salvadò ak prezidan li, Nayib Bukele. Konsa, dirijan ayisyen an mete koperasyon entènasyonal la an avan nan efò pou netralize gwoup ame k ap kontinye defye otorite yo e simen laterè nan plizyè rejyon nan peyi a. Nan yon mesaj li pibliye sou kont X li apre rankont sa a ak laprès, Alix Didier Fils-Aimé voye yon avètisman klè bay gwoup ame yo ak moun ki ka ap pwoteje yo. « Gang yo pap gen dòmi nan je! Gang ak kravat, gang ak sapat, tout ap tonbe anba sanksyon », li ekri. Avèk fòmil sa a, Premye minis la vle laji repons gouvènman an pou l rive sou aktè ki, san yo pa nesesèman pran zam, ta patisipe nan finansman, sipò oswa pwoteksyon òganizasyon kriminèl yo.

Rezo ki sipòte gang yo nan mir tou

Deklarasyon sa a vini nan yon kontèks kote lyen yo sipoze ki egziste ant kèk rezo ekonomik, politik ak gwoup ame yo se yon gwo defi nan batay kont ensekirite. Lè l pale de gang « ak kravat » ak « ak sapat », chèf gouvènman an sanble vle di repons Leta a p ap limite sèlman sou moun ame k ap opere sou teren an, men l ap vize tou moun ki ka ap kòmandite yo ak konplis yo.

Defi pou transfòme anons yo an rezilta konkrè

Kounye a, rete pou n konnen kijan estrateji komen sa a ap tradui konkrètman sou teren an, e nan ki mezi li ap pèmèt reprann teritwa ki anba kontwòl gwoup ame yo. Pandan popilasyon an ap tann rezilta tanjib, otorite yo devan yon gwo egzijans: transfòme deklarasyon fèmte yo an operasyon efikas e dirab, ki kapab retabli sekirite epi remete konfyans nan enstitisyon yo.

Redaksyon Hebdo24 tradui atik sa a apati vesyon orijinal an franse a.

Pataje

Bernadin Jules

Journaliste- Rédacteur, avocat et éducateur haïtien. 📩 Email: bernadinjules@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @bernadinjules24

Tout atik li yo