
Sekretarya jeneral Prezidans lan anonse ofisyèlman òganizasyon yon seremoni pou make fen manda Konsèy prezidansyèl tranzisyon an. Enfòmasyon an nan yon korespondans li voye bay Sekretarya jeneral Primati a, ki date 6 fevriye 2026.
Dapre nòt sa a, Premye minis la, manm gouvènman an, sekretè Deta yo, direktè kabinè a ansanm ak sekretè jeneral Primati a envite pou patisipe nan seremoni an, ki prevwa pou samdi 7 fevriye 2026, nan Villa d’Accueil, apati 10è. Dokiman an presize envite yo dwe rive a 9è30 e yo egzije rad vil. Seremoni sa a vle konstate ofisyèlman fen manda Konsèy prezidansyèl tranzisyon an, nan yon klima politik ki make pa gwo atant pandan dat senbolik sa a ap pwoche.
Daté 6 fevriye 2026 e siyen Pòtoprens, korespondans lan pote so Sekretarya jeneral Prezidans lan, ki renouvle asirans gwo konsiderasyon li bay Sekretarya jeneral Primati a.
Sepandan, pa gen okenn lòt enfòmasyon ki bay sou fason seremoni an pral dewoule ni sou dispozisyon enstitisyonèl ki pral swiv fen manda tranzisyon sa a, pandan opinyon piblik la rete atantif sou pwochen oryantasyon pwosesis politik k ap fèt la.
Redaksyon Hebdo24 tradui atik sa a apati vesyon orijinal an franse a.
Engagée pour une société plus juste, inclusive et participative, je mets mon énergie au service du changement social et de la démocratie en Haïti. 📩 Email: naikaeugene@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @naikahebdo24
Tout atik li yoLi tou
«Le pari du dialogue»: Wilner Joseph rasanble anpil moun alantou liv li ak vizyon l pou Ayiti
sa gen 17 èdtan
« Le pari du dialogue » : vizyon Wilner Joseph pou Ayiti ak relasyon l ak Repiblik Dominikèn
16 nov
Prezidansyèl 2027: Martine Moïse ofisyalize kandidati l anba banyè GAD
15 nov
Minis Sandra Paulemon mize sou fòmasyon kad pou modènize aksyon piblik
14 nov





