Nan Fontamara (Pòtoprens), twa tibebe mouri apre yo te resevwa yon vaksen kont lawoujòl ak ribeyòl. Paran viktim yo akize ministè Sante piblik ak Popilasyon kòmkwa li pa t fè travay kontwòl medikaman li, e yo mande jistis ak reparasyon.
Dapre manman tibebe ki mouri yo, dram nan pase mwens pase vennkat èdtan apre yo te vaksinen yo nan sant FONDEPH, ki gen lokal li nan Delouis, yon lokalite nan Fontamara. Se apre yon malèz apre vaksen an twa timoun nèf mwa yo mouri; paran yo wè yon lyen dirèk.
Konsa, paran viktim yo, ki akize ministè Sante piblik ak Popilasyon (MSPP) pou « iresponsablite » li akoz absans kontwòl kalite medikaman yo, di yo vle jwenn jistis ak reparasyon.
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yoLi tou
Oktòb Woz: MAEC òganize yon jounen sansibilizasyon ak depistaj kansè tete
21 Oct
Okay: nan Savann, 300 pasyan jwenn swen nan yon klinik mobil Fondasyon AIC
16 Apr
Nan inivèsite George Washington, minis Sandra Paulemon avèti sou ijans sanitè ak sosyal ann Ayiti
15 Apr
Paske li pa ka retabli sekirite nan sant vil la, KPT anonse relokalizasyon Lopital Jeneral
25 Sep




