
Kous pou prezidans Ayiti 2027 la gen yon nouvo kandida. Ansyen minis Afè etranjè a, Dominique Dupuy, anrejistre kandidati li sou platfòm Konsèy elektoral pwovizwa a (KEP), anba banyè Pati Vizyon Dayiti (PVD). Non li parèt nan nimewo 35 sou tablo kandidati yo. Demach sa a make antre li nan konpetisyon pou pi gwo pòs nan peyi a, pandan plizyè lòt pèsonalite politik deja fè konnen yo vle vin prezidan Repiblik la.
Yon kandidati k ap tann validasyon KEP
Sepandan, enskripsyon sou entènèt sa a poko vle di kandidati li valide nèt. Kandida yo dwe konplete dosye yo, lè yo depoze dokiman enstitisyon elektoral la mande yo. Apre sa, KEP ap verifye yo anvan li pibliye lis ofisyèl kandida ki aksepte yo. Dapre kalandriye elektoral la, enskripsyon sou entènèt pou kandidati prezidansyèl ak lejislatif yo dwe fini 15 novanm 2026 a minwi. Apre sa, kandida yo gen jiska 30 novanm pou yo depoze dokiman yo mande yo.
Pakou diplomatik ak ministeryèl Dominique Dupuy
Dominique Dupuy, ki sòti Okap, te okipe fonksyon anbasadè ak delege pèmanan Ayiti bò kote Òganizasyon Nasyonzini pou edikasyon, syans ak kilti (UNESCO), apati janvye 2021. Apre sa, li te dirije ministè Afè etranjè, Kilt ak Ayisyen k ap viv lòt bò dlo, depi 12 jen rive 16 novanm 2024. Premye tou eleksyon prezidansyèl ak lejislatif yo prevwa pou 18 jiyè 2027, pandan dezyèm tou a fikse pou 4 oktòb menm ane a.
Journaliste- Rédacteur, avocat et éducateur haïtien. 📩 Email: bernadinjules@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @bernadinjules24
Tout atik li yoLi tou
Senatoryal 2027: Assad Volcy ofisyalize kandidati li nan Nip anba banyè VIKTWA
11 Nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 Nov
Paragwe: prezidan Peña anonse demisyon li
5 Nov
« Patwon gang » dapre ONI, Youri Latortue bat bravo pou entèvansyon Nayib Bukele ann Ayiti. Ala ironi!
5 Nov




