Lendi 23 novanm 2026

Espò

Tiki 2022: Ayiti kalifye pou koup dimonn foutbòl anpite yo!

Pa Darling Valentin Cabé

· 1 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English ak Français

Ekip ayisyen foutbòl anpite a kraze Salvadò, dimanch sa a, 5 gòl pou 1.

Konsa, seleksyon ayisyen gason foutbòl anpite a jwenn kalifikasyon l pou koup dimonn 2022 a, k ap fèt ane sa a nan peyi Tiki.

Se yon kalifikasyon li byen merite. Apre li te domine Meksik (3-0) pou kòmansman l nan eliminatwa yo, ekip Ayiti a fè match nil (0-0) ak Kosta Rika pou dezyèm sòti l anvan l pèdi devan Etazini (2-1). Dimanch sa a, seleksyon ayisyen an repran tèt li lè l bale ekip Salvadò a (5-1). Se yon viktwa trè enpòtan kont Salvadoryen yo, ki pèmèt Grenadye yo non sèlman genyen twofe tounwa kalifikasyon an, men tou valide tikè yo pou koup dimonn k ap jwe nan peyi Tiki ane sa a.

Pataje

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here