Nan yon nòt li rann piblik jedi 14 avril sa a, ministè Sante piblik ak Popilasyon enfòme popilasyon ayisyen an gen yon maladi po « ki sanble ak gratèl » yo jwenn nan plizyè rejyon nan peyi a.
Dapre menm avi sa a, yo rekòmande nenpòt moun ki gen sentòm tankou: « grate, blesi sou po akoz grate sitou lannwit », pou l al konsilte yon doktè nan sant medikal ki pi pre a.
Anplis, yo etabli kèk mezi prevansyon pou evite enfeksyon po sa a, yo di ki kontaje anpil, gaye.
Evite nenpòt kontak dirèk ak moun ki enfekte, bouyi dra kabann, benyen ak dlo pwòp, se kèk nan mezi prevansyon MSPP bay yo.
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yoLi tou
Oktòb Woz: MAEC òganize yon jounen sansibilizasyon ak depistaj kansè tete
21 Oct
Okay: nan Savann, 300 pasyan jwenn swen nan yon klinik mobil Fondasyon AIC
16 Apr
Nan inivèsite George Washington, minis Sandra Paulemon avèti sou ijans sanitè ak sosyal ann Ayiti
15 Apr
Paske li pa ka retabli sekirite nan sant vil la, KPT anonse relokalizasyon Lopital Jeneral
25 Sep




