Société du Rhum Barbancourt S.A. te viktim vyolans ame nan plenn Kildesak. Nan yon nòt li pibliye dimanch 11 fevriye 2024, antrepriz la fè konnen pèt li anrejistre.
« Depi kèk jou, nouvo afwontman ant gang rival ap fèt bò lakou distilri Barbancourt. Yo boule plizyè jaden kann ki totalize 8 ekta. Barbancourt pa fè pati ensidan sa yo ditou e pwodiksyon an pa afekte », responsab Wonm konesè yo eksplike.
« Sepandan, pa prekosyon, Fondasyon Barbancourt oblije sispann aktivite piblik li yo an favè popilasyon ki toupre yo, tankou pami lòt: distribisyon dlo trete gratis, sant swen medikal gratis, itilizasyon espas jwèt, teren foutbòl ak baskètbòl », nou li nan dokiman sa a ki souliye sekirite anplwaye yo, fanmi yo ak kominote ki alantou yo rete priyorite absoli sosyete a.
« Nou kontinye siveye sitiyasyon sekirite a chak jou pou detèmine kilè l ap pridan pou relouvri aktivite Fondasyon Barbancourt », antrepriz la konkli, pandan l ap montre angajman l pou sekirite ak byennèt kominote lokal yo.
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yoLi tou
Somè mondyal: minis Sandra Paulemon mande pou Ayiti antre plis nan touris Karayib la
20 nov
Frap salvadoryen: rezidans Jeff Gwo Lwa kraze, Nayib Bukele di se yon «kado» pou pèp ayisyen pou Vètyè
18 nov
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov





