
Kounye a se yon enfòmasyon ofisyèl! Premye minis la, Garry Conille, vrèman chwazi ansyen titilè Ministè Edikasyon nasyonal ak Fòmasyon pwofesyonèl la, Nesmy Manigat, kòm Chèf kabinè l ak ran Minis. Doktè 58 an an chwazi tou Camille Edouard Junior, ki kounye a Sekretè jeneral Primati a.
Malgre kritik sevè ki vize Nesmy Manigat, yo jije long jesyon l nan Ministè Edikasyon nasyonal la « katastwofik », M. Conille chwazi l.
Vreman vre, arete ki konfime nominasyon M. Manigat ak nominasyon ansyen Minis Jistis Camille Edouard Junior nan pòs Sekretè jeneral Primati a ak ran Minis pibliye nan jounal ofisyèl Le Moniteur vandredi 14 jen 2024 sa a.
Deja sou rezo sosyal yo ak nan medya konvansyonèl yo, chwa Nesmy Manigat, ki pa fè anyen pou sistèm edikatif la, ap lakòz kòmantè negatif ki vize Premye minis Garry Conille.
Journaliste-Rédactrice à Hebdo24 | Politicienne | Experte en Relations Internationales 📩 : jenny@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @jennyhebdo24
Tout atik li yoLi tou
Somè mondyal: minis Sandra Paulemon mande pou Ayiti antre plis nan touris Karayib la
20 nov
Frap salvadoryen: rezidans Jeff Gwo Lwa kraze, Nayib Bukele di se yon «kado» pou pèp ayisyen pou Vètyè
18 nov
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov





