Fòm Messi kounye a kòmanse fè objè deba nan laprès entènasyonal, sitou an Frans. Yè vandredi, apre yon lòt match desevan La Pulga, jounal fransè « l’Équipe », nan premye paj li, mande tèt li « si Leo Messi ap jwenn nivo li te genyen nan FC Barcelone an ankò ». Medya a te evoke enpasyans PSG ak sipòtè l yo.
Aktyèl nimewo “30” parizyen an te oblije kite klib blaugrana a poutèt sitiyasyon finansye kritik li, kidonk li te pran desizyon pou l antre nan Paris Saint-Germain. Li rive ete sa a apre yon trè long karyè Barcelone, men zetwal ajantin nan p ap viv pi bon moman l sou tè fransè.
Parizyen yo ki te kwè fèm yo t ap viv pi bon Leo a byen vit, etone paske jiskaprezan Messi poko bay menm 1/10 nan tout sa l te fè Barcelone. Pou kounye a, li make sèlman twa gòl (de kont RB Leipzig ak youn kont City nan Lig chanpyon).
Sitiyasyon sa a sanble twoublan. Laprès fransè a deja kòmanse doute de pèfòmans zetwal ajantin nan. Jounal chak jou “L’Équipe”, nan premye paj li vandredi sa a, se egzanp lan. Li estime pis ajantin nan bay trè piti nan kapasite l jis kounye a sou teren an.
“Finalman yon bon depa?”, jounal la mande, epi li ajoute nan soutit: “Depi li rive nan PSG ete sa a, Messi poko atenn nivo pèfòmans li te genyen nan Barça”. Pa gen enkyetid, men enpasyans kòmanse gaye”.
Vandredi sa a ankò kont Lille nan ligue1, yon ekip ki deja rache ligue1 ak Superkoup Lafrans nan men Pochettino ak konpayi, moun te sètènman ap tann Messi an absans Mbappé ki blese. Men, Pi bon jwè nan mond lan kite fanatik boul won yo ak swaf yo ankò.
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yo




