
Apèn yo nonmen l ofisyèlman Premye minis, Garry Conille di li vle atake kriz plizyè fas k ap ravaje peyi a depi kèk tan. Pandan l rekonèt li pa ka rive poukont li, doktè a pwopoze pou l travay an kolaborasyon ak Konsèy prezidansyèl tranzisyon an (CPT).
Se depi Panama Garry Conille te pale konsa, jedi 30 me 2024 sa a. Yon lòt fwa ankò Premye minis nonmen an remèsye diferan sektè ak òganizasyon sosyopolitik ki te sipòte kandidati l, e ki salye nominasyon l tou.
Dapre Garry Conille, Gouvènman l lan pral divèsifye. Fanm, jèn ak manm Dyaspora a pami lòt pral ladan l.
Pou sa ki konsène ensekirite a, ki se yon gwo andikap pou fonksyònman peyi a, ansyen wo fonksyonè Nasyonzini an pwopoze yon lòt fwa ankò pou l jwe kat kolaborasyon, fwa sa a nasyonal, pou rezoud pwoblèm sa a, pou bay peyi a enstitisyon demokratik ki fò.
Journaliste-Rédactrice à Hebdo24 | Politicienne | Experte en Relations Internationales 📩 : jenny@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @jennyhebdo24
Tout atik li yoLi tou
Somè mondyal: minis Sandra Paulemon mande pou Ayiti antre plis nan touris Karayib la
20 nov
Frap salvadoryen: rezidans Jeff Gwo Lwa kraze, Nayib Bukele di se yon «kado» pou pèp ayisyen pou Vètyè
18 nov
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov





