Yon jounen lig chanpyon san twòp gwo sipriz pou gwo klib Ewòp yo, apa debak Borussia Dortmund nan Olann kont Ajax Amstèdam (4-0). Tout gwo yo te briye jodi a pou premye pati twazyèm jounen faz gwoup lig chanpyon an.
Nan gwoup A, Manchester City bale Club Bruges sou nòt san diskisyon senk gòl a en (5-1) nan deplasman an Bèljik. Ekip Guardiola antrene a retounen nan viktwa apre li te pèdi nan dezyèm jounen an nan Parc des Princes kont PSG.
PSG, malgre absans pyon enpòtan nan dispozitif jwèt li tankou atakan Brezilyen Neymar akoz blesi ak milye Ajanten Angel Dimaria akoz sispansyon, aliyen yon dezyèm viktwa youn dèyè lòt nan lig chanpyon apre sa kont Manchester City nan dezyèm jounen an. Gras sitou a yon doub Messi, ladan yo yon gòl sou penalti, ak yon gòl Kylian Mbappé, Paris Saint-Germain bat ak difikilte yon trè bon ekip Leipzig twa gòl a de (3-2). Se konsa bann Mauricio Pochettino a pase an tèt klasman gwoup sa a ak 7 pwen, Manchester City vin dèyè l ak 6 pwen. Club Bruges desann nan twazyèm plas ak 4 pwen kont 0 pou RB Leipzig k ap fè yon trè move kòmansman semèn.
Nan gwoup B, malgre de gòl ansyen Barselonè Antoine Griezman, Liverpool rache twa pwen presye nan Wanda Metropolitano kont mesye Diego Pablo Simeone yo (Atlético Madrid). Match la fini sou nòt twa gòl a 2 (3-2), sitou ak yon dènye penalti nan 15 dènye minit yo, siyati Mohamed Salah, entènasyonal Ejipsyen an. Nan lòt match gwoup la, AC Milan pèdi sou minimòm yon gòl a zewo (1-0) kont FC Porto. Yon defèt ki fè ekip Milan nan mal anpil paske li toujou poko jwenn yon sèl pwen nan faz eliminatwa lig chanpyon sa a.
Nan gwoup C, Ajax kraze Borussia Dortmund Erling Braut Haaland sou nòt kat gòl a zewo (4-0) malgre prezans Siborg Nòvejyen an ansanm ak lòt prodij Borussia yo tankou Jude Bellingham, Julian Brandt, Giovanni Reyna ak lòt. Aktyèl pi bon bitè lig chanpyon sa a, bitè Fran-Ivwaryen an, Sébastien Haller, frape ankò e li pwofite ogmante kontè l.
Anplis, nan gwoup D, FC Sheriff Tiraspol, ti ekip sa a ki se revelasyon lig chanpyon sa a, pa t ka kenbe tèt ak Inter Milan ki bat li twa gòl a en (3-1). Malgre defèt la, ekip Moldav la toujou lidè gwoup sa a ak 6 pwen, Real Madrid vin dèyè l, li menm ki kraze Shakhtar Donetsk Ikrèn senk gòl a zewo (5-0). Inter Milan twazyèm nan klasman an ak 4 pwen, Shakhtar vin dèyè l ak yon sèl ti pwen.
Ann note jounen lig chanpyon sa a ap kontinye Mèkredi 20 oktòb ak match tankou Barcelone vs Dynamo Kyiv, Bayern Minik vs Benfica, Manchester United vs Atalanta, Juventus vs Zenit Sen Petèsbou ak Chelsea vs Malmö FF.
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yo




