
Bagay yo cho ant Premye minis Alix Didier Fils-Aimé ak Direktè jeneral polis nasyonal la, Rameau Normil. An gwo, chèf gouvènman an vle revoke kòmandan an chèf PNH a kèlkeswa pri a. Pou ki rezon? Yo di Rameau Normil pa fasilite kèk « aktivite patikilye » pou Alix Didier Fils-Aimé. Se de la dezakò a soti.
Nan lagè sa a ant de manm Konsèy siperyè polis nasyonal la (CSPN), se popilasyon an k ap peye pri a. Atak ki te fèt nan Delma 30 madi 25 fevriye sa a, kote yo chase plizyè moun lakay yo, lòt mouri anba bal, se prèv swadizan otorite yo ap nye reyalite a. Yo pa okipe lavi popilasyon an.
Se vre, Direktè jeneral Polis Nasyonal d Ayiti a pran reta pou l bay prèv efikasite l devan fòs dife gang ame yo. Men, èske fò yo chanje l kèlkeswa pri a? Sou do lavi sitwayen pezib? Kèlkeswa sa, fò n rekonèt li gen yon sèten volonte lè l mennen arestasyon de « gwo pwason », Magalie Habitant ak Victor Prophane.
« Polis nasyonal d Ayiti se yon gwo mache pou vann manje, achte zam, minisyon ak mèb… Gen moun k ap goumen pou pran gwo mache sa a », yon konseye-prezidan revele bay jounal Le Nouvelliste.
Kounye a, peyi a bezwen amoni nan pi wo nivo Leta a, olye espektak lèd sa a menm moun ki garan sekirite nasyonal yo ap ofri. Men, sa klè, nan Primati a kou nan Konsèy prezidansyèl tranzisyon an, yo pa konnen anyen oswa prèske anyen sou responsablite yo.
Journaliste-Rédactrice à Hebdo24 | Politicienne | Experte en Relations Internationales 📩 : jenny@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @jennyhebdo24
Tout atik li yoLi tou
« Le pari du dialogue » : vizyon Wilner Joseph pou Ayiti ak relasyon l ak Repiblik Dominikèn
sa gen 5 èdtan
Prezidansyèl 2027: Martine Moïse ofisyalize kandidati l anba banyè GAD
sa gen 23 èdtan
Minis Sandra Paulemon mize sou fòmasyon kad pou modènize aksyon piblik
14 nov
Prezidansyèl 2027: Dominique Dupuy ofisyalize kandidati li anba banyè PVD
12 nov





