Madi 24 novanm 2026

Diplomasi

Konvansyon Vyèn: lè Etazini depase règ diplomatik yo sou do Ayiti

Pa Jenny Toussaint

· Mete ajou 14 novanm 2026 · 1 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English, Français ak Español

Deux petits drapeaux sur un bureau, États-Unis et Haïti

Kriz politik ayisyen an rive nan yon pwen kritik kote fòk nou raple ak fòs respè Konvansyon Vyèn sou relasyon diplomatik yo. Tèks entènasyonal sa a kadre limit aksyon diplomatik etranje yo klèman.

Nenpòt entèvansyon ki vle peze sou desizyon souvren Ayiti se yon dviyasyon ki pa akseptab. Enfòmasyon ki pale de presyon yo fè sou Fritz Alphonse Jean, manm Konsèy prezidansyèl tranzisyon an (CPT), paske li te sipòte yon rezolisyon pou revoke Premye minis Alix Didier Fils-Aimé, leve yon gwo enkyetid. Yo ta ka reprezante yon vyolasyon flagran prensip non-entèferans.

Nan yon kontèks kote plizyè aktè politik akize chèf gouvènman an kòmkwa l ap eloyen l de enterè nasyonal yo, li pi esansyèl toujou pou prezève endepandans enstitisyon ayisyen yo.

CPT a, ki deja fèb, pa ka pèmèt li sede devan presyon ki soti deyò, kèlkeswa sa yo ye. Ayiti ap rebati avni li sèlman lè l afime souverènte li klèman e li refize nenpòt titèl, kit li degize kit li asime.

Redaksyon Hebdo24 tradui atik sa a apati vesyon orijinal an franse a.

Pataje

Jenny Toussaint

Journaliste-Rédactrice à Hebdo24 | Politicienne | Experte en Relations Internationales 📩 : jenny@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @jennyhebdo24

Tout atik li yo