
Reyaksyon sou nominasyon Garry Conille kòm Premye minis ap swiv youn dèyè lòt. Apre Etazini, se tou pa Kanada pou salye arive doktè a nan Primati a, pandan l mande l atake gwo defi yo fasafas.
« Onon gouvènman Kanada, mwen felisite Konsèy prezidansyèl tranzisyon an (CPT) paske l nonmen nouvo premye minis deziyen Ayiti a e li avanse nan reyalizasyon tranzisyon pouvwa enpòtan sa a », se sa nou ka li nan yon kominike ki rapòte pawòl Minis Afè etranjè a, Mélanie Joly.
« Nou ankouraje premye minis deziyen Garry Conille ak CPT a pou yo mete sou pye san pèdi tan yon nouvo gouvènman ki bay byennèt pèp ayisyen an priyorite. N ap tann ak enpasyans pou premye minis Conille ak CPT a pran mezi ki nesesè pou retabli enstitisyon demokratik yo, òganize eleksyon lib e jis, pwomouvwa bon gouvènans epi kolabore ak kominote entènasyonal la pou retabli sekirite nasyonal la epi pote èd ki nesesè bay pèp ayisyen an, ki soufri anpil », li kontinye.
Pi lwen, Chanselye a souliye lyen ant Kanada ak Ayiti solid. Pandan Ayiti ap kontinye chemen l pou retabli demokrasi, li ap ka kontinye konte sou Kanada pou pote sekirite, èd pou devlopman ak èd imanitè bay pèp ayisyen an, dokiman an konkli.
Journaliste- Rédacteur, avocat et éducateur haïtien. 📩 Email: bernadinjules@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @bernadinjules24
Tout atik li yoLi tou
Somè mondyal: minis Sandra Paulemon mande pou Ayiti antre plis nan touris Karayib la
20 nov
Frap salvadoryen: rezidans Jeff Gwo Lwa kraze, Nayib Bukele di se yon «kado» pou pèp ayisyen pou Vètyè
18 nov
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov





