Madi 24 novanm 2026

Aktyalite

Inyon ewopeyen: se pou yo nonmen nèf manm Konsèy prezidansyèl la pi vit posib

Pa Hebdo24

· 1 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English, Français ak Español

Drapeaux de l'Union européenne flottant devant un bâtiment moderne en verre

Pandan gouvènman de facto a ap bloke vizibman mete Konsèy prezidansyèl la sou pye lè l refize pibliye arete ki nonmen manm li yo, Inyon ewopeyen pa pran tan pou l pale sou kesyon an. Anfèt, UE di li kwè li enpòtan anpil pou Gouvènman ki sou pati a nonmen manm CPT yo fòmèlman. Sa, san tann ankò.

Se nan yon nòt ki soti 15 avril 2024 Inyon ewopeyen an fè konnen pozisyon l, apre piblikasyon dekrè ki kreye e òganize Konsèy prezidansyèl tranzisyon an.

« Peyi a bezwen yon solisyon ayisyen ijan pou mete fen ak vid politik aktyèl la e fè fas ak kriz politik, sekirite ak imanitè ki la depi lontan an. Nou mande tout fòs politik ayisyen yo pou yo kolabore sensèman pou reyalize objektif sa a », nou ka li nan dokiman an.

Anplis, UE estime, nominasyon Konsèy prezidansyèl la nesesè tou pou louvri wout pou deplwaman misyon miltinasyonal sipò sekirite a, Rezolisyon 2699 Konsèy Sekirite Nasyonzini an bay manda, pou sipòte efò Polis Nasyonal d Ayiti nan lit li kont gang yo, restore eta de dwa ak sekirite nan peyi a, pou finalman rive nan eleksyon demokratik ki fèt nan bon kondisyon.

Pandan Kominote entènasyonal la sanble favorab pou mete Konsèy prezidansyèl la sou pye, gouvènman de facto a lanse nan yon vrè bra de fè ak manm li yo. Tout bagay fè n kwè enstalasyon nèf manm CPT yo pa pou demen.

Pataje

Hebdo24

Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.

Tout atik li yo

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here