
Apre Gouvènman de facto a fin ofisyalize Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an, prezidan Etazini, Joe Biden, bay lòd pou debloke yon èd 60 milyon dola, kote pi gwo pati a pral sèvi pou bay ekipman ak fòmasyon pou fòs miltinasyonal sekirite a, Kenya pral dirije, pou ede polis nasyonal Ayiti goumen kont gang yo.
Dapre jounal Miami Herald, Prezidan Joe Biden, ki gen administrasyon l k ap sipòte Misyon Miltinasyonal Sipò Sekirite a (MMSS) an Ayiti malgre opozisyon Kongrè a, sèvi ak yon pouvwa egzekitif moun pa twò konnen ki rele Presidential Drawdown Authority. Otorite sa a te kreye dapre lwa sou asistans etranje 1961 la, e Biden te sèvi avè l pou kontoune rezistans Kongrè a pou finansman zam pou Ikrèn.
Pou kounye a, fon fidisyè Etazini ak Nasyonzini kreye pou Ayiti a gen sèlman 10,8 milyon dola, pandan plizyè peyi pwomèt sipò yo bay Ayiti pou Misyon Miltinasyonal la, san n pa bliye Kongrè a refize apwouve 40 milyon dola sou 100 milyon Depatman Leta a te pwomèt. Dènyèman, Wayòm Ini angaje l pou l bay 5 milyon liv estèlin, sa vle di 7 milyon dola, pou Misyon Miltinasyonal Sipò Sekirite an Ayiti a.
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yoLi tou
Somè mondyal: minis Sandra Paulemon mande pou Ayiti antre plis nan touris Karayib la
20 nov
Frap salvadoryen: rezidans Jeff Gwo Lwa kraze, Nayib Bukele di se yon «kado» pou pèp ayisyen pou Vètyè
18 nov
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov





