
Nan enstalasyon Konsèy prezidansyèl la nan Vila Dakèy, nan Musseau, jedi 25 avril 2024, Youri Latortue ak Joseph Lambert te prezan. De nonm yo te fè sipriz, paske depi sanksyon entènasyonal yo te frape yo pou konplisite ak gang ame an Ayiti, de konpè yo te bese tèt yo. Anfèt, yo te chwazi kat silans lan.
Kont tout atant, de ansyen prezidan Sena Repiblik la, Joseph Lambert ak Youri Latortue, te pami envite nan enstalasyon Konsèy prezidansyèl tranzisyon an. Konsa, yo te kòtwaye reprezantan diplomatik peyi ki te sanksyone yo pou enplikasyon yo nan alimante klima ensekirite an Ayiti, kòm konplis bandi ame yo.
Antre nan chanèl WhatsApp nou an, Klike sou lyen sa a ➡️ https://bit.ly/3MOKF3G
Kèk obsèvatè entèprete prezans yo nan envestiti CPT a kòm yon « come back » sou sèn politik la. Pa gen anyen ki etonan paske an Ayiti bouwo yè yo toujou rive konvèti an sovè jodi a. Ann tann pou n wè…
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yoLi tou
Somè mondyal: minis Sandra Paulemon mande pou Ayiti antre plis nan touris Karayib la
20 nov
Frap salvadoryen: rezidans Jeff Gwo Lwa kraze, Nayib Bukele di se yon «kado» pou pèp ayisyen pou Vètyè
18 nov
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov





