
San sipriz, Minis Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP), Doktè Duckenson Lorthé Bléma, peye gwo pri iresponsablite l. Vre, yo revoke l apre dram ki te pase nan Lopital Inivèsite Leta d Ayiti (HUEH), kote de (2) jounalis, yon polisye te touye, ak plizyè lòt moun blese apre yon atak ame gang kowalisyon « Viv Ansanm » yo te fè.
Tantativ pou relouvri lopital jeneral la ki fini ak lanmò plizyè moun montre jiskibò otorite yo, sitou titilè MSPP a, iresponsab. Se analiz plizyè moun ki te mande revokasyon Dr Duckenson Lorthé Bléma. An reyaksyon, gouvènman Alix Didier Fils-Aimé, an akò ak Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (CPT), revoke minis sante a.
Pandan sa a, se Minis Jistis ak Sekirite Piblik (MJSP), Patrick Pélissier, k ap asire enterim lan jiskaske yo nonmen moun ki pou ranplase ansyen minis sante piblik la, Duckenson Lorthé Bléma.
Journaliste- Rédacteur, avocat et éducateur haïtien. 📩 Email: bernadinjules@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @bernadinjules24
Tout atik li yoLi tou
Junior Bonheur parèt devan tribinal kriminèl la nan zafè Vivy Mitchell
15 nov
Radio Télé Métronome prèt pou eklate: yon lagè jidisyè mete Guerrier Dieuseul ak Corvington Jean fas a fas
27 okt
Gran Kou jistis: ONI avèti sou yon risk enpinite ann Ayiti
8 okt
Alix Didier Fils-Aimé mete nouvo ane jidisyè a anba siy refòm ak efikasite
5 okt





