Lendi 23 novanm 2026

Aktyalite

« Ann mete n nan travay », Garry Conille di lè l enstale kòm Premye minis

Pa Naïka Eugene

· 1 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English, Français ak Español

Groupe de dix personnes en costume posant dans une salle avec tapis rouge

Yon seremoni pou renmèt yon anpliyasyon ki nonmen Garry Conille Premye minis te fèt lendi 3 jen 2024 sa a, nan Vila dakèy. Nan diskou li pou okazyon an, nouvo chèf Gouvènman an mande Konsèy prezidansyèl la ak tout lòt sektè yo mete yo nan travay rapidman.

Vreman vre, se manm Konsèy prezidansyèl tranzisyon an ki renmèt Premye minis Garry Conille anpliyasyon an. Pandan l salye bon lespri manm CPT yo, ansyen Direktè rejyonal UNICEF la afime tan an prese e peyi a pa ka tann. Sa Konsèy prezidansyèl tranzisyon an rekonèt alinanimite.

Edgard Leblanc, prezidan Konsèy prezidansyèl Tranzisyon an, di pou pa l li konte sou Dr. Garry Conille pou goumen kont fenomèn ensekirite a, redrese ekonomi an epi remete enstitisyon yo sou pye lè l òganize eleksyon jeneral ki kredib e demokratik.

Pataje

Naïka Eugene

Engagée pour une société plus juste, inclusive et participative, je mets mon énergie au service du changement social et de la démocratie en Haïti. 📩 Email: naikaeugene@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @naikahebdo24

Tout atik li yo

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here