
Depi premye ane preparatwa, apranti sosyològ la deja konnen prensip debaz sosyoloji a pèmèt non sèlman etidye fenomèn sosyal yo, men tou analize mekanis ki gouvène relasyon sosyal yo. Konsa, metye sosyològ mande vrèman pou w pran distans ak diskou komen an epi kesyone sa ki ka sanble nòmal. Dapre metòd eksperimantal Claude Bernard, yo envite sosyològ la sezi fè sosyal la pandan l mete sou kote lide li te genyen davans, ansanm ak tout jijman moral. Nan menm lide sa a, Émile Durkheim rekòmande pou ekate prenosyon yo pou ka pi byen konprann enjè kolektif yon sosyete. Pa egzanp, konsekans konsomasyon alkòl se sijè ki nan domèn sosyoloji pami lòt.
An reyalite, alkòl, tankou yon lwil sosyal, itilize anpil nan plizyè kilti depi plizyè syèk. Nou jwenn tras akeyolojik konsomasyon alkòl ki remonte nan preyistwa, anvan agrikilti ak sedantarizasyon pèp yo. Plas alkòl evolye ak tan. Dapre epòk ak peyi, lòm bay alkòl yon nouvo konsiderasyon. Pou n reprann Jean-Charles Sournia (istwa alkolis), alkòl se yon pwodui kiltirèl, li fè pati lavi sosyal gwoup yo. Konsomasyon l tèlman ansyen nan mès nou li pran yon plas prepondran nan dinamik sosyal limanite. De jenerasyon an jenerasyon, konsomasyon alkòl toujou nan mitan enkyetid yo. Vreman vre, alkòl se youn nan prensipal faktè risk pou maladi ak lanmò twò bonè. Dapre Òganizasyon mondyal sante (OMS), konsomasyon alkòl touye twa milyon moun chak ane sou latè. Soti nan kansè rive nan depresyon, alkòl kontribye nan yon long lis maladi ki pa transmisib ak lòt pwoblèm sante (Siwoz fwa, kansè poumon) ansanm ak blesi ki soti nan aksidan wout ak vyolans sou lòt moun.
Paradoksalman, alkòl ka trè agreyab ak efè l ki bay kè kontan, ki konbat depresyon e ki kalme lè w bwè l avèk modérasyon. Li ka gen tou move konsekans sou sante si w abize l. Se sa ki fè gen yon doub fas nan reprezantasyon sosyal alkòl.
Konsomasyon bwason ki gen alkòl gaye anpil nan espas sosyal ayisyen an. Yo sèvi l nan prèske tout seremoni ki gen karaktè sosyal (Resepsyon maryaj, anivèsè nesans, kominyon, elatriye). Alkòl tankou toupatou, nou ka remake l nan tout kouch sosyal, ni nan fanmi ki alèz ni nan fanmi pòv; li parèt tou lakay moun ki nan diferan kategori pwofesyonèl tankou kad, etidyan, ouvriye ak peyizan. Itilizasyon alkòl prèske fè pati rityèl ayisyen an. Chita bò yon vè se yon ekspresyon konvivyalite. Anplis, plizyè moun konsidere l tankou yon siy entegrasyon sosyal. Sepandan, alkolis rete yon enjè sante piblik. Natirèlman, konsomasyon kwonik alkòl ak abi l ka mennen konsekans grav sou sante mantal ak fizik moun ki depandan yo.
Poutan, prèske pa gen okenn kontwòl sou itilizasyon alkòl ann Ayiti. Dapre dènye done ki pibliye an 2020 sou Ayiti, kantite lanmò alkòl lakòz rive 428 oswa 0.49% total lanmò yo. Malgre tablo nwa sa a, li regretab pou n konstate gen yon apoloji alkòl k ap fèt atravè rezo sosyal yo ak medya altènatif yo. Fòk nou siyale sitou kanal kominikasyon sa yo pwisan anpil e yo jwe yon gwo wòl nan lavi chak jou, sitou lavi jenès la nan dènye tan sa yo.
Rezo sosyal yo ak medya altènatif yo vin tounen gwo ajan sosyalizasyon. Jèn yo fasilman enfliyanse atravè mesaj odyovizyèl yo difize, kit se a tò kit se a rezon, sou platfòm sa yo. Kit yo konsyan kit yo pa konsyan, kèk Atis/Enfliyansè lanse nan yon kanpay san pitye pou ankouraje moun bwè bwason ki gen alkòl san mezi, san yo pa janm mansyone sibstans psikoaktif sa a fè sante mal. Pèsonn pa egzante de piblisite ilegal sa a k ap fèt sou entènèt. Depi twa dènye ane sa yo, kèk selebrite ap preche yon mòd lavi ki pa an sante. Nan sans sa a, ann pale de yon mizik ki soti nan ritm yo rele ’’Rabòday’’: « #Parese, leve pou bwè kleren ». Mòso san sans sa a ta vle di fòk ou bwè san rete. Sa vle di, bwè alkòl tout tan tankou yon devwa. Pi resamman, gen dènye hit moman an yon gwoup konpa trè popilè (HMI) ki vin ajoute ak yon eslogan ki sou prèske tout bouch jenès ayisyen an. Se « N ap bwè ». Sa ta di chak moun konsome an kantite tout likid ki soti nan fòmil CH3CH2OH. Ala fòlte. Pi mal toujou, adolesan yo se moun ki pi resevwa pwomosyon danjere sa a. Anplis, prèske tout fòs viv peyi a ap fè silans sou dewout sa yo. Se tankou tout bagay ap mache byen. Poutan, pratik toksik sa a ap ronje kominote ayisyen an an silans. Paske, ankouraje moun bwè alkòl san mezi se tankou yon ensitasyon a vyolans. Se ka, pa egzanp, korelasyon ki egziste ant alkòl ak delenkans jivenil. Dilèm nan se ke nan yon peyi kote sitwayen yo pa gen lwazi; kote vyolans ak laperèz ap chire tisi sosyal la, nou gen enpresyon alkòl vin tounen sèl altènativ pou divètisman. Sa pa anpeche n fè yon apèl pou vijilans.
Lè a grav, li lè pou n sonnen alam. Fòk nou double efò pou n goumen kont lejèrte sa a, sitou lè n entèdi pwomosyon ilegal konsomasyon alkòl. Nou konnen konsomasyon alkòl an tan ke tèl pa poze pwoblèm, petèt li se yon bezwen lè l nan mezi e yon pwazon lè l depase mezi, sa ki fè n kwè twòp nan tout bagay fè mal. Anplis, alkòl souvan asosye ak krim grav tankou asasina, vòl oswa kadejak. Plis pase tout bagay, pwoblèm alkolis se yon fè sosyal konplike nou pa ka evite. Fòk nou kanpe neglijans sa a. Jèn ak moun ki pa tèlman jèn yo patikilyèman vilnerab devan efè danjere alkòl. Kidonk, atis/enfliyansè yo dwe itilize kapasite enfliyans yo yon fason responsab anvè yo. Si nou dwe bwè alkòl, fòk se yon bwè kontwole.
Lauture Jacques
lolo.jacques33@gmail.com
19/05/2024
Li tou
Frap salvadoryen: rezidans Jeff Gwo Lwa kraze, Nayib Bukele di se yon «kado» pou pèp ayisyen pou Vètyè
18 nov
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov
Koperasyon entènasyonal: minis Sandra Paulemon vle ranfòse kowòdinasyon èd pou devlopman ann Ayiti
5 nov





