Mèkredi 18 novanm 2026

Aktyalite

Zafè Maxihen Lazarre: FPH avèti Federasyon laprès entènasyonal la

Pa Billy Doré

· 1 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English ak Français

Federasyon Laprès Ayisyen (FPH) pa rete endiferan apre lanmò fotojounalis Maxihen Lazarre. Nan demach li, li vire bò kote Federasyon Laprès Entènasyonal la ak lòt patnè mondyal pandan l denonse zak bawbari jounalis yo ap sibi nan kad travay yo.

23 fevriye 2022, yo te asasine fotojounalis Maxihen Lazarre pandan li t ap kouvri yon manifestasyon ouvriye sektè tekstil ki t ap reklame yon salè 1500 goud pa jou. Dapre temwen okilè, se ajan fòs lòd yo ki te touye l. Jounalis Sony Laurore ak Yves Moïse, ki te blese nan menm manifestasyon an, nan yon eta kritik e yo entène lopital.

Ann Ayiti, dwa jounalis yo pou yo egzèse pwofesyon yo an tout libète ap pi plis pase anba pye. FPH soti nan silans li epi li mande otorite ki konsène yo pran responsablite yo devan sitiyasyon pouri sa a epi asire finiray defen jounalis la.

« Federasyon Laprès Ayisyen (FPH), toujou solidè, e pandan n ap tann jistis, mande Leta Ayisyen pran an chaj imedyatman finiray jounalis Maxihen Lazarre epi peye swen lopital yo ap bay jounalis Sony Laurore ak Yves Moïse ki blese grav », Federasyon an egzije.

Dapre GeorGes Allen, Sekretè jeneral FPH, ki te pale vandredi 25 fevriye 2022 sa a sou Radyo Metwopòl, chwa pou enfòme Federasyon Laprès Entènasyonal la sou zak yo komèt kont jounalis yo pa san sans. Se yon zak sitwayen e responsab ki fè pati dinamik demann jistis pou jounalis Maxihen Lazarre.

« Nou tout konnen jan Lajistis ayisyen an lan e menm jan li pa egziste. Nou ekri Federasyon Laprès Entènasyonal la pou wè nan ki mezi sa ka fèt, sa ka tounen yon reyalite », jounalis la di pandan l ensiste li pa ase pou deplore, kondane ak regrèt, men fòk nou poze zak konkrè.

Pataje

Billy Doré

Billy Doré est journaliste à Hebdo24. Il a débuté sa carrière depuis 2018 en collaborant à bon nombre de médias en ligne. Billy Doré est actuellement étudiant finissant en Relations Internationales à l'Université d'État d'Haïti (UEH).

Tout atik li yo

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here