
Pati liberal Kebèk la (PLQ) ofisyalize kandidati enfimyè klinisyèn ki gen orijin ayisyen an, Yvena Luc, nan sikonskripsyon Repentigny pou pwochen eleksyon jeneral yo nan Kebèk. Manm Lòd enfimyè ak enfimye Kebèk depi 2019, Yvena Luc gen yon gwo eksperyans nan rezo sante a. Li travay sitou nan sant ebèjman ak swen alontèm (CHSLD), nan sant lopital ak nan sant lokal sèvis kominotè (CLSC).
Chèf PLQ a, Charles Milliard, salye pakou pwofesyonèl li ak angajman li nan kominote a, e li mete aksan sou patisipasyon li nan Ralliement des infirmières d’origine haïtienne du Canada. Dapre li, eksperyans teren li ak sans sèvis piblik li se gwo avantaj pou reprezante sitwayen Repentigny yo.
Pou pati pa l, Yvena Luc di angajman politik li se yon kontinyasyon karyè li kòm enfimyè. « Kòm enfimyè, mwen aprann dèyè chak dosye gen yon moun ak yon fanmi », li deklare, pandan l ap souliye volonte li pou kontribye nan amelyorasyon aksè a swen epi defann pwofesyonèl sante yo.
Diplome Cégep Édouard-Montpetit, li planifye tou pou l kontinye etid nan jesyon sante pou ranfòse ekspètiz li. Deziyasyon li make yon nouvo etap nan preparasyon elektoral Pati liberal Kebèk la pou pwochen eleksyon an.
Redaksyon Hebdo24 tradui atik sa a apati vesyon orijinal an franse a.
Journaliste- Rédacteur, avocat et éducateur haïtien. 📩 Email: bernadinjules@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @bernadinjules24
Tout atik li yoLi tou
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov
Koperasyon entènasyonal: minis Sandra Paulemon vle ranfòse kowòdinasyon èd pou devlopman ann Ayiti
5 nov
Eleksyon ann Ayiti: prèske 40 milyon dola toujou rete pou jwenn pou boukle bidjè elektoral la
5 nov





