Lendi 16 novanm 2026

Kilti

«Yon lòt», rèl yon fanm ki swaf lanmou

Pa Billy Gervé

· 1 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English, Français ak Español

Kòm prelid pou sòti premye album solo l yo rele « Fòs », chantèz Vanessa Désiré devwale vandredi 28 me 2021 sa a yon nouvo tit, « Yon lòt », an kolaborasyon ak Rutshelle Guillaume. « Yon lòt » se yon melanj zouk ak konpa ki fè moun danse anpil.

Chante sa a se rèl tout fanm ki swaf lanmou, tandrès ak atansyon. Vanessa mete chapo pòtpawòl tout fanm ki konfwonte ak yon reyalite konsa. Ansyen vis-chanpyòn «Digicel Stars» la eksplike kijan li renmen nonm li a san mezi. Li pare pou l fè tout bagay pou fè l plezi e fè l konprann lanmou l. Men, malerezman, nonm nan pa konsyan e li pa santi anyen devan tout atansyon li ba li.

Malgre enfidelite l, mank enterè l, mank atansyon l, entèprèt «You» la te konn sipòte tout bagay nan espwa yon chanjman. « paske m renmen w, sou sa m fikse m. Se sak fè m pa janm revolte. Mwen asepte tout sak pase nan lespwa yon jou sa va chanje. Menm lè w derespekte m, twonpe m anba je m, mwen rete la ap sipote. Mwen se yon bon fi, mwen konnen m vo plis ke sa. Mwen merite yon moun ki Renmen m», li chante ak espwa pou l jwenn yon nonm ki ta konn renmen l ak yon lanmou sensè e san limit.

Byen bwòdè, ak yon bèl souri sou figi l, je l k ap petiye, chantèz Rutshelle Guillaume fè yon antre mayestral ak bèl vwa l, ki gen yon dousè siwo myèl. Ou te kite l antre nan lavi w, paske avè l, ou te vle yon avni, li di Vanessa Désiré. Dapre La Rebelle, Vanessa se yon fanm magnifik, plen kalite, karism ak elegans e li merite pi bon: yon nonm ki ta ka fè l kontan. Entèprèt « M pa la ankò » di chantèz Vanessa pa kite okenn gason rabese l, paske l ap jwenn yon lòt.

Pataje

Billy Gervé

Billy Gervé, journaliste, rédacteur, Blogueur et étudiant en communication sociale. Il est passionné de la culture | Actuellement rédacteur à Hebdo24.

Tout atik li yo

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here