Yo lage pastè Lochard Rémy!
Apre 22 jou sekestrasyon, yo lage pastè Lochard Rémy, samdi 26 fevriye nan aswè.
Fanmi l konfime enfòmasyon an, yo di yo peye twa ranson pou yo lage chantè-konpozitè a. Dapre kèk enfòmasyon ki disponib, sante pastè Rémy ap degrade.
Ann raple, yo te kidnape nonm legliz la ki konnen pou chante evanjelik siksè l yo dimanch 6 fevriye 2022, nan Tabarre, pandan li t ap pare pou l al nan Legliz li, Eben-Ezer, ki sitiye nan Avni Kristòf (Pòtoprens).
Li tou
Somè mondyal: minis Sandra Paulemon mande pou Ayiti antre plis nan touris Karayib la
20 nov
Frap salvadoryen: rezidans Jeff Gwo Lwa kraze, Nayib Bukele di se yon «kado» pou pèp ayisyen pou Vètyè
18 nov
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov





