Operatè sezi nan direksyon emigrasyon ak imigrasyon, jèn Johnson Joseph te kidnape madi 12 oktòb 2021. Dapre enfòmasyon ki rive nan redaksyon nou an, se bandi 400 Mawozo yo ki ta kidnape l.
Pandan li t ap prepare pou l al chèche manman l ki malad, bandi yo te kidnape l pa lwen yon ponp gaz nan Kwadebouke. Dapre kòlèg travay li, Maner Jean Baptiste, Mesye Joseph te akonpaye yon fanm yo poko konnen idantite l.
Anplwaye imigrasyon yo te kòmanse yon mouvman pwotestasyon mèkredi 13 oktòb 2021 sa a pou egzije liberasyon san kondisyon kòlèg yo.
Tout aktivite paralize nan enstitisyon sa a. Manifestan yo te monte barikad kawotchou ki ap boule tou pou eksprime kòlè yo.
Pa gen yon jou ki pase san omwen yon moun pa kidnape pa gang ki vin pa ka kontwole.
Avocat au barreau d'Aquin, journaliste et amant de la lecture et l'écriture, Richarson Bigot se donne corps et âme au journalisme. Un métier auquel il s'adonne depuis plusieurs années à travers des médias de renom. Depuis 2019 il est membre de l'émission Mardi Alternative diffusée sur Caraïbes FM. Originaire de l'Asile, Richarson Bigot veut que sa plume soit toujours utile à la société haïtienne qu'il porte dans les tréfonds de son coeur.
Tout atik li yoLi tou
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov
Koperasyon entènasyonal: minis Sandra Paulemon vle ranfòse kowòdinasyon èd pou devlopman ann Ayiti
5 nov
Eleksyon ann Ayiti: prèske 40 milyon dola toujou rete pou jwenn pou boukle bidjè elektoral la
5 nov





