
Prezidan Kenya a, William Ruto, renmèt ofisyèlman, lendi 24 jen 2024 sa a, drapo nasyonal la bay 400 premye polisye fòs miltinasyonal la ki dwe rive ann Ayiti talè konsa.
Kontenjan inisyal sa a, ki konpoze de elit inite deplwaman rapid polis kenyan an, te jwenn yon fòmasyon sevè pou misyon sa a ki pare pou ede retabli lapè ann Ayiti.
Enspektè jeneral adjwen Noor Gabow, chèf operasyon Samuel Chebet (GSU) ak enspektè jeneral adjwen prensipal Godfrey Otunge, ki pral dirije twoup yo sou tè ayisyen an, te patisipe nan seremoni chèf Leta a te prezide a.
« Prezans polisye nou yo ann Ayiti pral pote soulajman bay gason, fanm ak timoun, ki gen lavi yo vyolans gang yo kraze. N ap travay ak kominote entènasyonal la pou etabli yon estabilite dirab ann Ayiti », chèf Leta kenyan an rasire. William Ruto renmèt, lendi a, drapo peyi a bay premye gwoup polisye k ap pran direksyon Ayiti madi 25 jen 2024 la.
Prezidan Ruto souliye an pasan peyi l gen bon referans nan domèn retablisman lapè ak rezolisyon konfli sou plan entènasyonal.
Journaliste- Rédacteur, avocat et éducateur haïtien. 📩 Email: bernadinjules@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @bernadinjules24
Tout atik li yoLi tou
Frap salvadoryen: rezidans Jeff Gwo Lwa kraze, Nayib Bukele di se yon «kado» pou pèp ayisyen pou Vètyè
18 nov
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov
Koperasyon entènasyonal: minis Sandra Paulemon vle ranfòse kowòdinasyon èd pou devlopman ann Ayiti
5 nov





