
Gouvènman Premye minis Alix Didier Fils-Aimé dirije a siyen, jedi 5 jen 2025 sa a, yon pwotokòl akò ak konpayi avyasyon Sunrise Airways, ki make rekòmansman vòl domestik yo apati 12 jen 2025 pou Okap, Jakmèl ak Jeremi. Akò sa a fè pati estrateji gouvènman an pou relans ekonomik ak dezanklavman teritwa a.
Seremoni an fèt an prezans Premye minis la, M. Alix Didier Fils-Aimé, minis Ekonomi ak Finans, M. Alfred Métellus, ak direktè jeneral Otorite ayewopòtyè nasyonal (AAN), M. Yves Ducarmel François. Prezidan-direktè jeneral Sunrise Airways siyen pwotokòl la, sa ki reyafime angajman sektè prive a bò kote Leta pou modènize enfrastrikti ak sèvis esansyèl yo, dapre yon nòt Primati a.
Desizyon estratejik sa a vini apre plizyè semèn kote vòl domestik yo te kanpe, akoz kontrent estriktirèl ak sekirite. « Se yon etap desizif nan efò Egzekitif la pou garanti yon anviwònman estab, ki favorab pou envestisman, mobilite nasyonal ak devlopman lokal », Gouvènman an souliye.
Nan diskou li, Premye minis la salye travay enstitisyon ki enplike yo, sitou AAN, ki ekspètiz teknik ak operasyonèl li pèmèt relans tout moun t ap tann lan. « Inisyativ sa a enpòtan anpil pou revitalize sektè avyasyon nasyonal la. L ap ankouraje koneksyon ant rejyon yo, l ap estimile echanj ekonomik e l ap ranfòse tisi sosyal ak komèsyal peyi a », M. Fils-Aimé deklare.
Chèf Gouvènman an eksprime tou swè li pou relans sa a ankouraje lòt patnè, sitou entènasyonal, pou kontribye nan redeplwaman piti piti trafik ayeryen vè Ayiti e depi Ayiti. « Akò sa a voye yon siyal fò: Ayiti ap avanse ak detèminasyon vè rekòmansman », li ajoute.
Relans liyezon ayeryen domestik yo reponn bezwen mobilite popilasyon an ak operatè ekonomik yo. Li montre volonte Gouvènman an pou mete enfrastrikti transpò nan kè politik redrèsman nasyonal li, nòt Primati a fini.
Engagée pour une société plus juste, inclusive et participative, je mets mon énergie au service du changement social et de la démocratie en Haïti. 📩 Email: naikaeugene@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @naikahebdo24
Tout atik li yoLi tou
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov
Koperasyon entènasyonal: minis Sandra Paulemon vle ranfòse kowòdinasyon èd pou devlopman ann Ayiti
5 nov
Eleksyon ann Ayiti: prèske 40 milyon dola toujou rete pou jwenn pou boukle bidjè elektoral la
5 nov





