Ansyen polisye nwa Eric Adams, 61 an, te genyen fasil kous elektoral pou tèt meri New-York. Li te bat rival repibliken l lan, Curtis Sliwa, byen lwen ak 70 % vòt, kont anviwon 27 %, dapre premye rezilta biwo eleksyon vil la difize, e li vin, madi 2 novanm, majistra aktyèl kapital ekonomik Etazini an.
Yon nouvo paj louvri nan lavi Eric Adams depi chèn ameriken CBS ak NBC news, ki baze sou rezilta preliminè yo, te konfime enfòmasyon ki fè konnen li genyen eleksyon yo sou do Curtis Sliwa. L ap antre an fonksyon apre predesesè l Bill de Blasio kite pòs li 31 desanm k ap vini an.
Ansyen polisye ak sendikalis antirasis la abitye ak pratik politik vil New York, kapital ekonomik ak kiltirèl ameriken an. Soti 2007 rive 2013, li te chita nan Sena Eta New York kòm senatè.
“Pandan kanpay la, li te prezante tèt li kòm defansè klas mwayèn ak klas popilè yo, men tou kòm yon moun ki pre milye biznis New York, poumon finansye mondyal la”, France 24 te afime.
Nan pwomès kanpay li, nouvo majistra a di li angaje l pou l “pa fè okenn konsesyon kont krim ak delit ki te pase nan wouj an 2020.” Li di li pare pou l chanje figi vil sa a ki te wè l grandi.
Apre li te pase 22 an nan sèvis polis New-York, yon vil li defann ak fòs kont vyolans represif ak enjistis sosyal, e li te fonde an 1995 « 100 Blacks in Law Enforcement Who Care », yon sendika ki bay tèt li misyon pou konbat rasis, Eric Adams vin dezyèm nwa ki eli majistra vil sa a e li pran plas Bill de Blasio nan pòs sa a.
Billy Doré est journaliste à Hebdo24. Il a débuté sa carrière depuis 2018 en collaborant à bon nombre de médias en ligne. Billy Doré est actuellement étudiant finissant en Relations Internationales à l'Université d'État d'Haïti (UEH).
Tout atik li yoLi tou
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov
Koperasyon entènasyonal: minis Sandra Paulemon vle ranfòse kowòdinasyon èd pou devlopman ann Ayiti
5 nov
Eleksyon ann Ayiti: prèske 40 milyon dola toujou rete pou jwenn pou boukle bidjè elektoral la
5 nov





