Devan Covid-19, Etazini pa vle bese bra. Anefè, Anbasad li an Ayiti envite vwayajè ki vle al sou tè ameriken an pa avyon pou yo gen yon prèv vaksinasyon konplè kont Covid-19 ak yon tès negatif. Se yon obligasyon!
Nan yon nòt li pibliye lendi a, Anbasad la mande Ayisyen ansanm ak rezidan pèmanan yo konfòme yo ak mezi sa a ki antre an aplikasyon 8 novanm 2021 sa a.
« Vwayajè ayeryen ki gen nasyonalite etranje k ap vin Ozetazini dwe konplètman vaksinen si yo vle mete pye sou tè ameriken an », gouvènman ameriken an afime san detou.
Anplis, reprezantasyon diplomatik ameriken an Ayiti a presize nan nòt li a moun ki konsène yo oblije prezante yon tès Covid-19 ki fèt nan twa (3) jou anvan depa yo ak yon viza non-imigran ki valab. Konsènan sitwayen ameriken ak rezidan pèmanan legal ki vaksinen yo, yo pral bezwen yon tès negatif ki fèt nan twa jou anvan vwayaj yo. Pou moun ki pa vaksinen yo, yo bezwen yon tès negatif ki fèt yon jou anvan.
Yon lòt bò, biwo afè konsilè Depatman Deta a ankouraje vwayajè sa yo bay yon prèv estati vaksinasyon yo anvan yo monte abò yon avyon, sof kèk eksepsyon.
Dapre Sant Kontwòl Maladi yo (CDC), vaksen yo aksepte yo pral gen ladan yo sa FDA apwouve oswa otorize yo, ansanm ak vaksen ki sou lis itilizasyon ijans (EUL) Òganizasyon Mondyal Lasante (OMS).
Ranfòse pwoteksyon yo anpil, ki se youn nan pi bon mwayen pou vwayaje an tout sekirite aletranje, se objektif administrasyon Biden lè l pran mezi sa a.
An rezime, se yon nouvo politik nan domèn vwayaj ayeryen entènasyonal ki sevè, ki koyeran nan mond antye e ki gide pa sante piblik, otorite ameriken yo presize.
Li tou
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov
Koperasyon entènasyonal: minis Sandra Paulemon vle ranfòse kowòdinasyon èd pou devlopman ann Ayiti
5 nov
Eleksyon ann Ayiti: prèske 40 milyon dola toujou rete pou jwenn pou boukle bidjè elektoral la
5 nov





