Lendi 16 novanm 2026

Aktyalite

Twoup kenyan an inefikas, William Ruto vizite Ayiti

Pa Naïka Eugene

· 1 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English ak Français

Two men in suits walking on red carpet at airport surrounded by officials and soldiers

Jan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an te anonse l, prezidan Kenya a te an vizit ann Ayiti samdi 21 septanm 2024 sa a. William Ruto te resevwa nan ayewopò entènasyonal Toussaint Louverture pa prezidan CPT a, Edgard Leblanc Fils, ak minis Ekonomi ak Finans lan, Ketleen Florestal, k ap jwe wòl Premye minis, paske Garry Conille an vwayaj Ozetazini nan kad 79yèm Asanble jeneral Nasyonzini.

Chèf Leta Kenya a vizite twoup kenyan ki an misyon nan peyi a e k ap bat pou bay rezilta sou teren an, pandan gang ame yo ap vin pi fò chak jou e y ap anpeche popilasyon sivil la vake lib nan okipasyon l.

Li tou: Le président du Kenya William Ruto attendu en Haïti ce 21 septembre 2024

Ann raple 400 ofisye kenyan ann Ayiti nan kad Misyon miltinasyonal sipò pou sekirite a, men peyi a toujou anba kontwòl bandi yo. Ki valè vizit Prezidan Kenya a ann Ayiti genyen lè nou konnen kantite Kenyan ki sou tè a pi piti anpil pase sa yo te anonse a (1500)?

Pataje

Naïka Eugene

Engagée pour une société plus juste, inclusive et participative, je mets mon énergie au service du changement social et de la démocratie en Haïti. 📩 Email: naikaeugene@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @naikahebdo24

Tout atik li yo