Madi 17 novanm 2026

Aktyalite

Transfè ann Ayiti: plis pase 1,4 milya USD voye ann Ayiti, men kote lajan an ale?

Pa Jr Abellard

· Mete ajou 15 novanm 2026 · 1 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English ak Français

Mains tenant des billets de 100 dollars avec des liasses de billets en arrière-plan

Dapre done Bank Repiblik d Ayiti (BRH), dyaspora ayisyen an voye yon montan kolosal 1,413,248,721.94 dola ameriken ann Ayiti ant oktòb 2024 ak janvye 2025. Yon sòm ki montan wòl santral ekspatriye yo nan ekonomi peyi a. Men kisa Leta ayisyen ap fè ak 15,052,063.50 USD yo pran sou tranzaksyon sa yo?

Chif ki poze kesyon:

BRH endike yo resevwa 9,861,758 transfè ann Ayiti sou peryòd yo analize a, ak yon mwayèn 143.31 USD pa tranzaksyon. Dyaspora Etazini, nan tèt lis la, voye 1,100,124,409.68 USD, swiv pa Lafrans (79,448,872.09 USD) ak Kanada (74,175,97.95 USD). Menm peyi afriken kontribye, ak 483,825.56 USD Ayisyen k ap viv sou kontinan an voye.

Peyi ki voye Montan voye (USD)
Etazini 1,100,124,409.68
Lafrans 79,448,872.09
Kanada 74,175,97.95
Peyi afriken 483,825.56

Men Ayiti se pa sèlman yon peyi ki resevwa lajan, li voye tou. Sou menm peryòd la, 103,401,380.62 USD te transfere aletranje. Repiblik Dominikèn se prensipal destinasyon an (53,969,191.23 USD), swiv pa Etazini (31,667,661.73 USD) ak Kanada (5,790,165.22 USD).

Peyi ki resevwa Montan resevwa (USD)
Repiblik Dominikèn 53,969,191.23
Etazini 31,667,661.73
Kanada 5,790,165.22

Yon taks diskrè, men ki enpòtan:

Si Leta ayisyen pran 1.5 USD pa tranzaksyon, sa reprezante yon total 10,034,709 tranzaksyon (k ap antre ak k ap soti) pou peryòd yo etidye a, sa vle di 15,052,063.50 USD yo akimile gras a taks sa a.

(Kantite transfè resevwa/mwa: 9,861,758.00 + Kantite transfè voye/mwa: 172,951.00) = 10,034,709.00 * 1.5 = $15,052,063.50

Kesyon esansyèl la rete: kote lajan sa yo ale? Jiskaprezan, pa gen okenn transparans klè sou itilizasyon lajan sa a.

Pandan dyaspora a ap kontinye envesti nan peyi a atravè transfè lajan, li enperatif pou Leta ayisyen bay repons e jistifye itilizasyon taks sa a. Yon pi bon jesyon ak plis transparans ta ka ranfòse konfyans sitwayen yo ak ekspatriye yo, e transfòme revni sa yo an vrè levye kwasans.

Sous: Bank Repiblik d Ayiti – 📎 Telechaje: Transferts Sans Contrepartie.xlsx

Redaksyon Hebdo24 tradui atik sa a apati vesyon orijinal an franse a.

Pataje

Jr Abellard

Diplomé en Science Politique‬ ‭ Analyste de données

Tout atik li yo

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here