Apèn yon ane nan peyizaj medya ayisyen an, TOP MAG WORLD gen anbisyon pou l ale trè lwen, pou l depase fwontyè yo. PDG medya a, Massénat James, pwomèt kontni ki senp, ki inovan e pwofesyonèl alafwa.
Si kèk jèn ki kite peyi a, sitou akòz ensekirite, pa montre okenn volonte pou yo retounen lakay ni menm pou kontribye nan devlopman li, gen lòt, ak ti mwayen yo, ki bay kò ak nanm yo pou fè Ayiti vin pi bon.
Massénat James kreye l, TOP MAG WORLD se yon magazin ayisyen sou entènèt ki espesyalize nan piblikasyon kontni miltimedya ak pwodiksyon atik kiltirèl. Apre yon ane egzistans, jèn medya a gen plis pase 50 000 followers sou rezo sosyal yo.
Medya sou entènèt yo fini pa enpoze yo ni ann Ayiti ni aletranje. Malgre dezòd yo, nouvo mwayen kominikasyon sa a pèmèt enfòmasyon rive jwenn yon maksimòm moun an tan reyèl, konpare ak medya tradisyonèl yo. Objektif TMW se pwopoze, yon fason konstan, yon varyete kontni inovan e de kalite.
« Mwen kreye TOP MAG WORLD ak objektif pou pataje kèk enfòmasyon ki ka kenbe atansyon tout moun atravè lemonn. E tou nou vle pwopoze piblik la yon lòt fason pou konsome enfòmasyon lè n pote inovasyon », Massénat esplike.
An gwo, CEO TOP MAG WORLD pwomèt anpil followers li yo plis kontni chak jou, pandan l ap chwazi kalite san l pa janm bouke.
Li tou
«Le pari du dialogue»: Wilner Joseph rasanble anpil moun alantou liv li ak vizyon l pou Ayiti
19 nov
Miss Inivè: Tatenda Rameau atire tout je yo nan premye aktivite 75yèm edisyon an
13 nov
« Marie Madeleine » Gessica Généus genyen Hugo an lò nan Festival Chicago
24 okt
Sinema: De sineyas ayisyen resevwa distenksyon nan FIFAC, nan Giyàn
16 okt





