Lendi 16 novanm 2026

Jistis

Sitwayen fache fèmen Meri Lazil

Pa Richarson Bigot

· 1 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English, Français ak Español

Nan apremidi madi 20 avril 2021, yo te mete kadna sou pòt meri Lazil. Sitwayen ki soti nan dezyèm seksyon kominal la ansanm ak sa ki nan sant vil la te pase de pawòl a aksyon. Katèl sa a ki te eli nan eleksyon minisipal 2017 yo epi ki te rekonduit an 2020 ta detounen yon lajan ki te alwe pou amenajman yon moso wout, dapre kèk temwayaj.

Sant vil site ospitalite a te an efèvesans madi a. Yon gwoup sitwayen fache te dirije yo nan meri a epi yo te fèmen pòt prensipal enstitisyon sa a. Dapre sitwayen sa yo, yo ta bay Meri a yon chèk yon milyon goud apre fèt patwonal la an mas pase a. Yon montan senk san mil goud te alwe pou travay amenajman wout Changieux. Apre yo te konstate yon mwa apre chantye a pa egziste, yo deside fèmen pòt meri a pandan y ap egzije pou limyè fèt sou zafè sa a.

Paske yo pa t touche salè yo depi plizyè mwa, sitwayen sa yo pran revandikasyon ajan vwari kominal yo an kont.

Yon kopi yon chèk ki fèt nan non meri a vin viral sou rezo yo. Dapre enstigatè mouvman pwotestasyon sa a, Mesye Matinor Geradin, youn nan majistra adjwen yo, ta gen sòm sa a nan men l.

An paralèl, Madan Epheta Ambroise, Majistra adjwen, lave men l nan dosye sa a.

Ann raple Mesye Serges Saül, Majistra prensipal komin nan, an konvalesans e li oblije rete lakay li.

Manifestan yo egzije yon lòt katèl ak san nèf e yo ankouraje Ministè enteryè ak kolektivite teritoryal la pran responsablite l nan zafè sa a.

Pataje

Richarson Bigot

Avocat au barreau d'Aquin, journaliste et amant de la lecture et l'écriture, Richarson Bigot se donne corps et âme au journalisme. Un métier auquel il s'adonne depuis plusieurs années à travers des médias de renom. Depuis 2019 il est membre de l'émission Mardi Alternative diffusée sur Caraïbes FM. Originaire de l'Asile, Richarson Bigot veut que sa plume soit toujours utile à la société haïtienne qu'il porte dans les tréfonds de son coeur.

Tout atik li yo