Nan yon lèt li voye bay Premye Minis Ariel Henry mèkredi 22 septanm 2021, sekretè jeneral prezidans lan, Lyonel VALBRUN, pwononse l sou dokiman ki rele «Akò Politik pou yon Gouvènans ki Apeze e Efikas nan Peryòd Entèmedyè a» chèf gouvènman an ak kèk pati politik opozisyon an te jwenn. « Piblikasyon dokiman an nan jounal ofisyèl Repiblik la, Le Moniteur, ilegal. Se sèlman desizyon ki pran nan Konsèy minis e ki angaje Gouvènman Repiblik la ki ka pibliye nan jounal Ofisyèl la, Le Moniteur, apa piblikasyon legal abityèl yo», Mesye VALBRUN te ekri.
Dapre Sekretè Jeneral prezidans lan, piblikasyon an «ilegal e abizif» paske li pa koresponn ak atribisyon konstitisyonèl atik 158 la.
Li raple Premye Minis Ariel Henry, dapre atik 149 konstitisyon mas 87 amande a, misyon nimewo 1 yon «Premye Minis Entèrimè» tankou li se òganize eleksyon pou asire Gouvènans lejitim peyi a.
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yoLi tou
« Le pari du dialogue » : vizyon Wilner Joseph pou Ayiti ak relasyon l ak Repiblik Dominikèn
sa gen 14 èdtan
Prezidansyèl 2027: Martine Moïse ofisyalize kandidati l anba banyè GAD
15 nov
Minis Sandra Paulemon mize sou fòmasyon kad pou modènize aksyon piblik
14 nov
Prezidansyèl 2027: Dominique Dupuy ofisyalize kandidati li anba banyè PVD
12 nov





