Nan yon nòt pou laprès li pibliye dimanch 22 septanm 2024 sa a, konpayi telefòn mobil Digicel anonse teknisyen li yo fin repare kab entènasyonal fib optik ki te domaje depi 14 septanm pase a, e tout sèvis li yo retabli nèt.
« Digicel vle remèsye anvan tout bagay fidèl kliyan li yo ki te montre pasyans, sipò e sitou konpreyansyon apre ensidan vandalis sa a. Konpayi a eksprime rekonesans li tou pou teknisyen li yo ak patnè li Cable & Wireless ki te fè gwo efò pou fè reparasyon yo », nou ka li nan nòt sa a.
Konpayi Wouj e Blan an remèsye tou otorite Leta yo, sitou Konsèy prezidansyèl la, Primati a, ministè Travay piblik ak Telekominikasyon, ministè Lajistis ak Sekirite piblik, Conatel, Polis Nasyonal la ak medya yo pou akonpayman yo pandan ensidan sa a. Li rasire kliyan li yo l ap kontinye konpansasyon ak ranbousman yo, e l ap kominike pandan tout semèn k ap vini an.
« Ensidan konsa pa dwe janm rive ankò, e Digicel ap kontinye kolabore ak tout otorite konpetan yo pou pwoteje kab sa a ki estratejik pou peyi a », dokiman an fini.
Engagée pour une société plus juste, inclusive et participative, je mets mon énergie au service du changement social et de la démocratie en Haïti. 📩 Email: naikaeugene@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @naikahebdo24
Tout atik li yoLi tou
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov
Koperasyon entènasyonal: minis Sandra Paulemon vle ranfòse kowòdinasyon èd pou devlopman ann Ayiti
5 nov
Eleksyon ann Ayiti: prèske 40 milyon dola toujou rete pou jwenn pou boukle bidjè elektoral la
5 nov





