
Minis Planifikasyon ak Koperasyon Ekstèn, Dr Sandra Paulemon, te rankontre jedi 15 oktòb 2026, Bangkok, nan peyi Tayilann, vis-prezidan Ajans japonè pou koperasyon entènasyonal (JICA), Hara Shohei, pou pale sou nouvo posiblite koperasyon ki konsantre sou kreyasyon djòb ak relèvman ekonomik e sosyal Ayiti.
Yon pwogram travay pou ankouraje djòb ann Ayiti
Pandan diskisyon yo, minis la pwopoze yon pwogram travay ansanm ki bezwen anpil men d èv (HIMO), sitou pou repare wout nan mòn yo, antretni kanal drenaj ak irigasyon, goumen kont ewozyon, rebwaze epi amelyore enfrastrikti kominotè yo. Inisyativ la ta vize sitou fanm, jèn ki pa gen travay ak fanmi ki vilnerab, tankou moun ki deplase ak kominote k ap resevwa yo. Sandra Paulemon pale tou de eksperyans koperasyon japonè a nan travay reyabilitasyon iben nan Leyogàn apre tranblemanntè 2010 la, e li estime eksperyans sa a ka sèvi referans pou konsevwa yon pwogram ki adapte ak bezwen peyi a jodi a.
Yon demann sipò finansye ak teknik bay JICA
Pou pwopozisyon sa a ka reyalize, minis MPCE a mande JICA yon evantyèl sipò finansye, yon asistans teknik pou konsevwa ak sipèvize travay yo, ansanm ak eksplorasyon mekanis kofinansman ak patnè miltilateral yo. Bò pa l, Hara Shohei reyafime enstitisyon japonè a disponib pou kontinye travay ak Ayiti. Yo prevwa rankont teknik pou apwofondi diskisyon yo epi presize fòm sipò ki posib, sitou nan kad Plan nasyonal relèvman ak estabilizasyon ekonomik e sosyal ak transfòmasyon (PNSREST) 2026-2030 la.
Anplis pwogram HIMO a, diskisyon yo te konsène ranfòsman kapasite enstitisyonèl, amelyorasyon sèvis debaz yo, devlopman agrikòl ak jesyon risk. Pou kounye a, pwopozisyon yo prezante yo rete pou apwofondi nan diskisyon teknik ant de pati yo.
Redaksyon Hebdo24 tradui atik sa a apati vesyon orijinal an franse a.
Journaliste- Rédacteur, avocat et éducateur haïtien. 📩 Email: bernadinjules@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @bernadinjules24
Tout atik li yoLi tou
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov
Koperasyon entènasyonal: minis Sandra Paulemon vle ranfòse kowòdinasyon èd pou devlopman ann Ayiti
5 nov
Eleksyon ann Ayiti: prèske 40 milyon dola toujou rete pou jwenn pou boukle bidjè elektoral la
5 nov





