Nouvo rebondisman nan ankèt sou asasina ansyen prezidan Repiblik la, Jovenel Moïse. Arete wikenn ki sot pase a an Repiblik Dominikèn, Rudolph Jaar rekonèt epi admèt wòl li nan asasina 7 jiyè 2021 la.
An efè, nan yon entèvyou li bay jounal ameriken New York Times, Rudolph Jaar revele patisipasyon l nan plan ki te mennen nan asasina Jovenel Moïse.
Anplis, nonm biznis lan ki anba men lajistis dominikèn akize Joseph Félix Badio kòm konplis li. Kidonk li revele li menm ak Badio te pase plizyè jou nan menm kay la apre krim lan.
Ann raple Joseph Félix Badio, yo site non l kòm youn nan otè entelektyèl krim lan, toujou ap kouri e PNH ap chèche l. Se menm ka a tou pou ansyen senatè John Joël Joseph.
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yoLi tou
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov
Koperasyon entènasyonal: minis Sandra Paulemon vle ranfòse kowòdinasyon èd pou devlopman ann Ayiti
5 nov
Eleksyon ann Ayiti: prèske 40 milyon dola toujou rete pou jwenn pou boukle bidjè elektoral la
5 nov





