
Dènyèman, Minis Afè Etranjè ak Kilt ayisyen an, Dominique Dupuy, te atire atansyon sou yon « rediksyon depòtasyon gras ak efò diplomatik li ak sipò kominote entènasyonal la ». Yon deklarasyon ki tape minis dominikèn Enteryè ak Polis la, Faride Raful, sou nè, li pa t pran tan pou l demanti l.
« Nou demanti kategorikman nenpòt afimasyon sou yon swadizan rediksyon rapatriman sou demann Ayiti. Deklarasyon chanselye ayisyen an fo e yo chèche foure bouch nan afè entèn nou », Faride Raful deklare san detou sou kont X ofisyèl li.
Anplis, li presize ni Ayiti, ni okenn lòt peyi oswa òganizasyon entènasyonal pa gen pouvwa pou dikte politik migratwa Repiblik Dominikèn. Sa ki kite konprann peyi l plis detèmine pase janm pou ekspilse 10 000 Ayisyen chak semèn lòt bò zile a.
Anfen, Minis Afè Etranjè ak Kilt la, Dominique Dupuy, ta kenbe an flagran deli manti. Plis pase 24 èdtan apre, li poko reyaji (si toutfwa li ta reyaji) a deklarasyon minis dominikèn Enteryè ak Polis la.
Journaliste-Rédactrice à Hebdo24 | Politicienne | Experte en Relations Internationales 📩 : jenny@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @jennyhebdo24
Tout atik li yoLi tou
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov
Koperasyon entènasyonal: minis Sandra Paulemon vle ranfòse kowòdinasyon èd pou devlopman ann Ayiti
5 nov
Eleksyon ann Ayiti: prèske 40 milyon dola toujou rete pou jwenn pou boukle bidjè elektoral la
5 nov





