Jimaní, Pedernales, Elías Piña, Independencia se kote an Repiblik Dominikèn kounye a kote Ayisyen ap achte pwodwi petwolye pou yo revann yo a pri ki twò wo.
Nan zòn sa yo, yo konstate anpil Ayisyen nan ponp gaz ap chèche gaz, jounal dominiken yo te rapòte.
Machin ki soti lòt bò zile a te nan ponp gaz Pedernales, Barahona, Elías Piña, Bahoruco ak Independencia, an Repiblik Dominikèn, dènye jou sa yo.
Pou kontwole sitiyasyon sa a, lame a, Kò espesyalize nan sekirite fwontyè tè yo (Cesfront) ak polis nasyonal la toujou prezan sou plas pou siveye pwen lavant yo.
Nan Elías Piña ak Independencia, pa gen restriksyon pou Ayisyen k ap vin achte gaz. Yo ka menm fè plizyè vwayaj, Listin Diario te rapòte, pandan l fè konnen nan ponp sa yo, Ayisyen toujou la an gwo kantite.
Poutan, nan Pedernales, kèk sòlda lame a pozisyone yo sou fwontyè a, paske yo enfòme sou sitiyasyon kawotik an Ayiti. Otorite lame dominiken an ap siveye ponp gaz yo pou anpeche transfè petwòl ale Ayiti.
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yoLi tou
Frap salvadoryen: rezidans Jeff Gwo Lwa kraze, Nayib Bukele di se yon «kado» pou pèp ayisyen pou Vètyè
sa gen 32 minutes
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov
Koperasyon entènasyonal: minis Sandra Paulemon vle ranfòse kowòdinasyon èd pou devlopman ann Ayiti
5 nov





