Rantre lekòl la nan mwens pase yon semèn, sa vle di 1ye oktòb 2024. Paran k ap viv nan prekarite, Hebdo24 entèwoje, avwe yo pa resevwa anyen nan men Gouvènman Garry Conille kòm sibvansyon.
« 20 000 goud gouvènman an te pwomèt yo se yon manti », yon manman ki fristre paske li pa ka voye pitit gason l lekòl alè deklare. Si nou kwè li, ekip Premye minis lan, sa vle di Minis Edikasyon nasyonal la, bay manti.
« Ti kòb gouvènman an te pwomèt la te ka ede m peye lekòl pitit fi m ki gen 16 an ki admèt nan NS1. Men, mwen pa konnen sou ki baz yo te chwazi paran vilnerab yo », yon jèn fanm ki prèske gen trantan di ak tristès.
Lòt paran elèv redaksyon jounal la kesyone plenyen yo pa resevwa 20 000 goud Gouvènman an. Sa ki ta kite kwè manti a gen bèl jou devan l toujou.
Ann raple, gouvènman Conille, atravè Minis Edikasyon nasyonal Antoine Augustin, te pwomèt ede paran vilnerab yo ak 15 a 20 000 goud pou rantre lekòl la. Jiska prezan, pèsonn pa konnen atravè ki mekanis yo te distribye lajan sa a.
Journaliste- Rédacteur, avocat et éducateur haïtien. 📩 Email: bernadinjules@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @bernadinjules24
Tout atik li yoLi tou
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov
Koperasyon entènasyonal: minis Sandra Paulemon vle ranfòse kowòdinasyon èd pou devlopman ann Ayiti
5 nov
Eleksyon ann Ayiti: prèske 40 milyon dola toujou rete pou jwenn pou boukle bidjè elektoral la
5 nov





