Vandredi 20 novanm 2026

Aktyalite

Rankont ant Claude Joseph ak reprezantan U.S.A nan ONI

Pa Hebdo24

· 1 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English ak Français

Nan yon kominike li pibliye lendi 27 septanm 2021 sa a, Ministè Afè Etranjè ak Kilt, minis Claude Joseph anonse li te diskite ak reprezantan pèmanan Etazini nan Òganizasyon Nasyonzini (ONI), Madan Linda Thomas-Greenfield, pou yo pale sou pwoblèm Ayiti.

Yon rankont minis la rele fwitye, kote yo te tonbe dakò sou nesesite pou kominote entènasyonal la sipòte efò PM Ariel Henry, nan objektif pou jwenn yon antant pou amelyore gouvènans politik, apeze sosyete a e rezoud pwoblèm ensekirite ki tèlman difisil la.

Nan nòt la, minis afè etranjè a avwe yo te diskite sou ijans pou kreye kondisyon favorab pou pwochen eleksyon lib, enklizif e demokratik pou pèmèt peyi a retounen nan lòd konstitisyonèl e pou enstitisyon Repibliken yo fonksyone nòmalman.

Ann raple zak vyolans ap ogmante nan yon fason eksponansyèl nan peyi a depi gwo akò PM Ariel Henry ak pati politik yo te siyen an, malgre kominote entènasyonal la te rele akò sa a “enklizif”.

Pataje

Hebdo24

Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.

Tout atik li yo

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here