
Anyen pa mache ankò nan kapital ayisyen an! An efè, nan yon rapò Òganizasyon Entènasyonal pou Migrasyon (OIM) pibliye jedi 27 fevriye 2025 sa a, yo mansyone prèske 13 000 moun nan plizyè katye Pòtoprens deplase akoz vyolans gang ame yo.
Dokiman OIM nan rive nan yon kontèks kote vyolans ame yo rekòmanse pi rèd depi 14 fevriye 2025 nan plizyè katye nan Zòn Metwopolitèn Pòtoprens, sitou Kodada nan Delma 30, Kafou Fèy nan komin Pòtoprens, nan katye Kago, Metivye ak Kòvèt nan komin Petyonvil, ansanm ak Taba 27.
Pi egzakteman 12 971 moun deplase akoz vyolans sa yo, majorite yo rete nan komin Pòtoprens. Dapre OIM, mwatye deplase yo jwenn refij lakay fanmi, nan fanmi ki resevwa yo, pandan lòt mwatye a loje nan 31 sit, ladan yo 27 ki te deja egziste ak 4 ki fèk kreye. Anplis, yo fèmen de sit. Tout sa, nan endiferans total otorite ki konsène yo.
Engagée pour une société plus juste, inclusive et participative, je mets mon énergie au service du changement social et de la démocratie en Haïti. 📩 Email: naikaeugene@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @naikahebdo24
Tout atik li yoLi tou
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov
Koperasyon entènasyonal: minis Sandra Paulemon vle ranfòse kowòdinasyon èd pou devlopman ann Ayiti
5 nov
Eleksyon ann Ayiti: prèske 40 milyon dola toujou rete pou jwenn pou boukle bidjè elektoral la
5 nov





