Samdi 21 novanm 2026

Aktyalite

PNH reprann kontwòl Lopital jeneral la, Garry Conille vizite lokal yo

Pa Naïka Eugene

· 1 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English, Français ak Español

Groupe d'hommes en tenue militaire et civile marchant devant un bâtiment endommagé

Gouvènman an reprann kontwòl Lopital Inivèsite Leta d Ayiti. Madi 9 jiyè 2024 sa a, Premye minis Garry Conille, akonpaye Konseye-prezidan Louis Gérald Gilles, Minis Sante piblik la, Georges Fils Brignol, ak Direktè jeneral Polis nasyonal la, Rameau Normil, pami lòt, vizite lopital jeneral la.

Endiye devan zak vandalis gang yo komèt kont pi gwo sant lopital peyi a, Garry Conille kondane aksyon destriktif sa yo ak fèmte epi li reyafime detèminasyon Leta a pou l retabli otorite l sou tout teritwa nasyonal la.

Ann note vizit lokatè Primati a nan HUEH rive 24 èdtan apre Kòmandan an chèf PNH la te anonse fòs lòd yo reprann kontwòl espas lopital la. « Rekreyasyon an fini! », Rameau Normil te anonse pou gang ame yo.

Pataje

Naïka Eugene

Engagée pour une société plus juste, inclusive et participative, je mets mon énergie au service du changement social et de la démocratie en Haïti. 📩 Email: naikaeugene@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @naikahebdo24

Tout atik li yo

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here