Jedi 26 novanm 2026

Aktyalite

Penitansye nasyonal la vid, pa gen prizonye ladan l ankò!

Pa Hebdo24

· 1 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English, Français ak Español

Penitansye nasyonal la prèske vid. Prèske tout prizonye ki te rete nan espas la apre evazyon samdi 2 mas 2024 la transfere nan lòt espas.

Pami prizonye yo evakye yo gen Cholzer Chancy, Joseph Félix Badio, Robinson Pierre Louis, Macky Kessa. Kolonbyen ki enplike nan asasina Prezidan Repiblik la Jovenel Moïse yo transfere tou.

Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ), komisarya Dèlma, se espas sa yo ki resevwa kèk prizonye ki te rete nan pi gwo sant penitansye peyi a.

Ann raple, penitansye nasyonal la te gen prèske 4000 prizonye. Apre evazyon gang ame yo te lakòz la, mwens pase yon santèn prizonye te toujou nan espas la.

Pataje

Hebdo24

Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.

Tout atik li yo

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here