
Malgre kriz k ap ravaje Ayiti, administrasyon Biden kontinye depòte Ayisyen ki rive ilegalman sou teritwa ameriken an. Devan sitiyasyon sa a, kèk palmantè ameriken, tankou senatris Elizabeth Warren ak depite Yvette Clarke, voye yon lèt bay prezidan Etazini, Joe Biden, pou mande sispansyon depòtasyon Ayisyen yo.
Palmantè sa yo envoke kriz imanitè ak sekirite Ayiti ap fè fas la pou jistifye pozisyon yo. Anplis, yo mete aksan sou sitiyasyon kawotik an Ayiti kote gang ame yo se mèt e senyè.
Pandan y ap souliye ijans sitiyasyon an Ayiti, eli sa yo mande yon aksyon imedyat pou pwoteje Ayisyen ki Ozetazini.
Pandan senatris Elizabeth Warren fè apèl a konsyans prezidan Biden, e li souliye sitiyasyon an Ayiti dezespere e li mande yon gwo repons imanitè bò kote Etazini, depite Yvette Clarke, bò pa l, rele sitiyasyon an Ayiti kawotik, e an pasan li mande administrasyon Biden pou l pwolonje Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS) pou ayisyen ki Ozetazini.
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yoLi tou
Somè mondyal: minis Sandra Paulemon mande pou Ayiti antre plis nan touris Karayib la
20 nov
Frap salvadoryen: rezidans Jeff Gwo Lwa kraze, Nayib Bukele di se yon «kado» pou pèp ayisyen pou Vètyè
18 nov
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov





