
Otorite dominikèn yo demanti arestasyon Smith Augustin, konseye prezidansyèl ayisyen, kontrèman ak sa kèk medya te rapòte.
Dapre Direksyon jeneral Migrasyon (DGM), Augustin antre an Repiblik Dominikèn 30 jiyè pa Dajabón, apre fèmti fwontyè a, akonpaye pa yon vis-konsil ayisyen.
Kòm fòmalite migrasyon yo pa t ka konplete, yo konvoke l pou regilarize sitiyasyon li.
Otorite dominikèn yo nye tout detansyon.
Prezidans ayisyen an rejte rimè yo tou, li pale de yon deplasman ki konfòm ak règ diplomatik yo.
Zafè a rive nan yon kontèks gwo tansyon ant de peyi yo, ki make pa fèmti pasyèl fwontyè a ak ekspilsyon masiv ressortissants ayisyen.
Redaksyon Hebdo24 tradui atik sa a apati vesyon orijinal an franse a.
Journaliste-Rédactrice à Hebdo24 | Politicienne | Experte en Relations Internationales 📩 : jenny@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @jennyhebdo24
Tout atik li yoLi tou
Somè mondyal: minis Sandra Paulemon mande pou Ayiti antre plis nan touris Karayib la
20 nov
Frap salvadoryen: rezidans Jeff Gwo Lwa kraze, Nayib Bukele di se yon «kado» pou pèp ayisyen pou Vètyè
18 nov
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov





