Asanble jeneral Nasyon Zini fè yon vòt, mèkredi 2 mas 2022, kote 141 peyi, pami yo Ayiti, montre yo kont envazyon Ikrèn pa Larisi.
An efè, sou 193 manm Òganizasyon Nasyon Zini (ONU), 141 vote an favè retrè fòs ris yo an Ikrèn.
San gwo sipriz, Larisi, Byelorisi, Eritre, Kore di Nò ak Siri vote kont rezolisyon ki kondane envazyon an, ki te kòmanse, sa gen plis pase yon semèn, sou teritwa ikrenyen an, e ki deja fè plizyè milye mò, ladan yo sivil ak militè. Lachin ak 34 lòt peyi pito jwe kat absteni.
Fòk nou di rezolisyon sa a yo adopte ak yon vòt masif « deplore nan tèm ki pi fò yo agresyon Federasyon Larisi komèt kont Ikrèn an vyolasyon paragraf 4 Atik 2 Chat la » Nasyon Zini e « egzije Federasyon Larisi sispann imedyatman itilize fòs kont Ikrèn epi evite tout nouvo rekou ilegal a menas oswa itilizasyon fòs kont nenpòt Eta Manm ».
Asanble jeneral la « egzije tou Federasyon Larisi retire imedyatman, konplètman e san kondisyon tout fòs militè li sou teritwa ikrenyen an anndan fwontyè peyi a ki rekonèt entènasyonalman ».
Nan fen yon pwen de près, sekretè jeneral ONU a, António Guterres, reyaji pandan l afime « mesaj Asanble jeneral la fò e klè: Fini ak ostilite yo an Ikrèn, kounye a. Fè zam yo fèmen bouch yo, kounye a. Louvri pòt la pou dyalòg ak diplomasi, kounye a »
Efè brital konfli yo evidan…Lemond vle fini ak terib soufrans imen an Ikrèn », li konkli.
Li tou
Somè mondyal: minis Sandra Paulemon mande pou Ayiti antre plis nan touris Karayib la
20 nov
Frap salvadoryen: rezidans Jeff Gwo Lwa kraze, Nayib Bukele di se yon «kado» pou pèp ayisyen pou Vètyè
18 nov
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov





